This post was contributed by a community member. The views expressed here are the author's own.

Neighbor News

Florid Fanmi yo jwenn solisyon pou brimad yon kote yo pa atann

Florid Fanmi yo jwenn solisyon pou brimad yon kote yo pa atann

Lè pitit gason yo a ki gen 5 an te soti nan lekòl li nan Santa Clarita, Kalifòni, ak bouch li k ap senyen ansanm ak figi l ki te grafonyen, Daniel ak Jessica te reyalize se pat sèlman yon aksidan inosan. Pitit yo a te sibi brimad.

Pandan plizyè milyon timoun ap retounen lekòl ane sa a, plis pase youn sou chak senk nan yo pral viv yon eksperyans menm jan an, dapre Sant Nasyonal pou Estatistik Edikasyon (National Center for Education Statistics.). Epi nan yon etid Sant Nasyonal Rechèch sou Entènèt te fè, prèske 21% nan jimo yo te di yo te yon sib, agresè oswa temwen brimad sou entènèt oswa pa lòt mwayen elektwonik.

Pandan paran yo ap chèche fason pou yo pwoteje pitit yo, gen yon gwoup fanmi ki kontinye ap grandi ki al chèche èd pratik yon kote moun pa atann: Labib.

Find out what's happening in Pensacolafor free with the latest updates from Patch.

Daniel ak Jessica te pale ak touletwa nan pitit yo konsènan prensip biblik ki itil yo te aprann pa mwayen lafwa yo antanke Temwen Jewova. Daniel te di "nou te priye sou sa an fanmi". Apresa yo te etidye ansanm kèk vèsè "sou konpòtman ak sou pi bon fason pou yo defann tèt yo, fason pou yo trete moun e pou yo pa vanje tèt yo."

Yo te ale sou jw.org, sit Entènèt ofisyèl Temwen yo, kote yon rechèch sou tèm brimad la te ba yo anpil enfòmasyon gratis tankou videyo, atik, fèyè ak lòt aktivite sou Entènèt sou sijè jèn yo ap fè fas nan lekòl la. Enfòmasyon sa yo gen ladan yo yon desen anime ki gen tit, "Venk yon moun k ap ba w brimad san batay" ak yon lòt desen anime sou efè pisan lapriyè genyen pou moun y ap bay brimad yo.

Find out what's happening in Pensacolafor free with the latest updates from Patch.

Pitit gason Danyèl ak Jessica a te deside pou l eseye fè moun k ap bal brimad la chanje grasa bonte.

Ti gason 5 an an te di "mwen te ba li yon ti boul moun itilize pou redui strès." Jessica rekonèt: "Kounye a, li pale de timoun nan kòm zanmi l. Pou mwen, sa a se pwogrè."

Madison Bechtle ki nan Clifton, New Jersey, te sèvi ak Labib lè yon moun ki bay brimad sou Entènèt te kòmanse voye plizyè douzèn notifikasyon twoublan sou telefòn selilè li lè l te nan douzyèm ane. Li te di "Sa te reyèlman dwòl. Li t ap voye foto lakay mwen pou mwen. Mwen te reyèlman enkyè tout tan.“

Lè l te li Bib la e lè l te priye, sa te kalme l. Li te di "se jis ou menm ak Bondye, e w jis ap pale youn ak lòt. Sa trè rekonfòtan, epi sa bay rezilta."

Li te swiv etap pratik sa yo ki dekri nan desen anime ki sou jw.org "Byen sèvi ak rezo sosyal yo" pou l pwoteje tèt li. Li te pale ak paran l yo ak pwofesè l yo konsènan sitiyasyon an e li te efase kont medya sosyal moun k ap bay brimad la te vize a. Madison ki gen 21 an kounye a te di "mwen toujou pa gen kont sa a jis jounen jodi a."

"Se pa tout sitiyasyon ki rezoud fasil konsa. Men, lè yon moun aplike konsèy ki nan Bib la epi li konsantre l sou sa k ka rive pi devan, sa ka ede l fè fas epi lite ak santiman kòmkwa yo pa vo anyen" se sa Robert Hendriks, pòtpawòl Temwen Jewova yo Ozetazini te di.

Hendriks te di "Bib la deja pwouve li se yon gid ki pratik pou anpil fanmi rezoud sitiyasyon difisil nan lavi yo. Prensip yo jwenn nan liv ansyen sa a ka ede granmoun kou timoun rezoud konfli epi viv anpè ak lòt moun."

Prensip tankou sa yo rele règ annò a ki di nou dwe trete lòt moun menm jan nou ta renmen yo trete nou, demontre lanmou epi pa fè kòlè fasil se zouti Jessica di ki te ede fanmi l nan anpil sikonstans. "Pitit mwen yo ka ale lekòl avèk konfyans, yo konnen yo gen zouti pou konbat ak pwoblèm y ap fè fas yo."

The views expressed in this post are the author's own. Want to post on Patch?

More from Pensacola